Nan Latibonit, pèp la lage nan fè maji pou koresponn ak gang yo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
nan latibonit, pèp la lage nan fè maji pou koresponn ak gang yo

Depi kèk tan, depatman Latibonit ap fè fas ak divès zak kriminèl anba men kèk gang tankou “Gran Grif”, “Kokorat San Ras” ak “Baz Ti Mepri”. Popilasyon an ki fatige viktim, deside pran responsablite yo pou defann tèt yo jan yo kapab.

Anplis, zafè mouvman popilè « Bwa Kale » a ki fin tabli kò l nèt sou tout teritwa a, ladan l depatman Latibonit, moun yo oblije kòmanse voye je yo sou kèk lòt pratik pou koresponn ak bandi yo.

Wi, nan Lyankou, Verèt, Lestè, Ti Rivyè, elatriye… plizyè moun lage kò yo nan pratik mistik pou pwoteje tèt yo kont atak bandi souvan fè sou yo. Konsa tou, yo tann pèlen pou yo atravè pratik yo rele “kout pyès” la.

Konsa tou, gen yon seri gangan nan menm depatman sila a ki makònen fòs yo ansanm pou kanpe mistikman kont òlalwa yo ki pa sispann simaye dèy nan mitan popilasyon an. Yo menm envite lòt prèt vodou parèy yo rejwenn yo nan batay y ap mennen kont ensekirite a.

Sou rezo sosyal yo, anpil moun aplodi mouvman sila, pandan kèk lòt pa neglije kritike sektè vodou a. Yo akize sektè sa kòmkwa se yo ki toujou bay bandi yo pwen pou pa pran nan bal.

“Y a degaje yo, se yo ki bay yo pwen”, nou te ka li kòm kòmantè yon moun nou pa bay idantite l anba yon piblikasyon sou Facebook. Se pa sèl li menm ki ale nan menm sans kouran an.

Sektè vodou a souvan resevwa tip kritik sila yo pa bò kote kèk lòt sektè, sitou evanjelik la. Youn konn ap voye toya kont lòt.

Pou fini, n ap raple, ensekirite nan kèk vil pwovens pran yon dimansyon ki depase sa ki nan kapital la akoz gang yo gaye anba raje, itilize tout mwayen pou yo fè presyon sou popilasyon an epi kouri al kache. Malgre mobilizasyon popilasyon an tanmen an, sa pa anpeche kriminèl yo kontinye fè viktim. A chak fwa yo parèt, ou pata di se dlo ki desann ak tout tanpèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.