Categories: AN KREYÒL SPORTS

Marco Asensio ap kite Real Madrid sezon kap vini

Share

Youn nan jwè ki gen plis tit ak Real Madrid yo ap kite Merengue yo pou fen sezon an. Aprè 7 lane, Real Madrid anonse Marco Asensio ap kite ekip la. De pati yo pa rive jwenn yon tèren antant sou yon pwolongasyon pou yon lòt sezon. Selon Fabrizio Romano, PSG se youn nan klèb ki entèrese ak jwè a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Jodi vandredi a, Real Madrid anonse Marco Asensio ap kite klèb la pou fen sezon an, aprè 7 lane ap mouye mayo Mezon Blanch la. Se youn nan jwè ki gen plis tit, 17 twofe. Jwè an pa rive mete l dakò ak dirijan Real Madrid yo pou yon pwolongasyon.

Marco Asensio ki pase prèske tout sezon an sou ban, pa satisfè ak tretman klèb la ba li an. Yon sezon kote l fè 12 gòl epi bay 8 pas desizif sou 50 match li jwe yo. Ak yon bèl CV, jwè a konte al fè yon lòt eksperyans nan yon lòt klèb aprè 7 lane nan Real Madrid. PSG se youn nan klèb ki entèrese ak profil jwè a.

Talan ak kalite teknik Marco Asensio ap entèrese anpil klèb pou mèkato ete a. Rete tann si parizyen yo ap rive devanse lòt konkiran yo.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Fabrizio Romano Marco Asensio psg real madrid