NETALKOLE

Mouvman Bwa Kale a bese ka kidnapin yo, daprè CARDH

Popilasyon Ayisyèn lan te lanse yon chas kont bandi ak zam nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak nan plizyè vil nan pwovens yo nan lide pou yo te kapab konbat bandi ak zam nan peyi a k ap teworize popilasyon an depi kèk tan. Daprè Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH), mouvman Bwa Kale a bese ka kidnapin yo anndan peyi a.

Daprè Òganizasyon dwa moun lan, chas bandi sitwayen Ayisyen yo te mennen yo lakoz ka kidnapin yo nan peyi a bon jan bese.

Vrèman vre, daprè antite a, sòti 24 avril rive 24 me 2023 a, prèske pa gen okenn kidnapin ki anrejistre. 43 asasinay, kont 146 pou mwa avril la ak 86 pou mwa mas la. Daprè CARDH, se yon diminisyon ki sòti nan 70.55% pou desann nan 50.58%.

Se sak fè CARDH fè konnen mouvman an dwe ankadre pou yon sekirite dirab. Si se pa sa, zak gang yo pral pi malouk toujou pase jan sa te ye anvan “Bwa Kale” a.

“Masak gang 5 segond lan nan Sous Matla nan dat ki te 19 avril 2023 a, te lakoz lanmò yon karantèn moun ak plizyè disparisyon”, eksplike Òganizasyon dwa moun lan, tout pandan li fè konnen se te yon revanj gang yo kont brigad sitwayen yo.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.