Bayern Munich ranpòte yon 33èm Bundesliga nan istwa l

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bayern munich ranpòte yon 33èm bundesliga nan istwa l

Bayern Munich ki te dezyèm nan klasman Bundesliga a dèyè Borussia Dortmund avan dènye jounen an ki jwe jodi samdi an, ranpòte chanpyona Almay la pou sezon 2022-2023 a gras ak viktwa sa yo fè nan dènye minit sou FC Köln 2-1 an.

Bavawa yo pwofite de match nil 2-2 Borussia Dortmund fè nan 34èm jounen Bundesliga a pou ranpòte yon 33ém tit nasyonal nan istwa yo. Bayern Munich genyen nan dènye lè ekip FC Köln lan sou yon gòl Jamal Musiala enskri nan 89èm minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bayern Munich ki pa t twò bon pase sa pandan sezon an kote yo te menm rive chanje antrenè avèk revokasyon Julian Nagelsmann lan, kontinye enpoze dominasyon yo an sou foutbòl alman an. Bavawa yo fini ak menm kantite pwen avèk Dortmund, men ranpòte Bundesliga a pou yon pi bon diferans gòl.

Borussia Dortmund ki te sèlman bezwen yon match nil pou mete fen ak rèy Bayern Munich lan nan chanpyona alman an, rate opòtinite sa jodi samdi an nan yon match desizif fas FSV Mainz (2-2) nan Signal Iduna Park la kote yo fè match nil. Jòn e nwa yo te menm gentan pran 2 gòl avan menm 30 premye minit yo.

Avèk viktwa sa, Bayern Munich ranpòte yon onzyèm Bundesliga youn aprè lòt, ki evite yo konnen yon sezon blanch aprè eliminasyon yo nan koup Almay kont Freiburg epi nan Lig dè Chanpyon an fas Manchester City. Depi 2013, poko janm gen yon lòt ekip ki ranpòte chanpyona alman an aprè Bayern Munich.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.