Se pou pi piti 5 polisye bandi ak zam touye chak mwa nan peyi d Ayiti daprè yon rapò Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) ki fè konnen depi kòmansman ane 2023 a pou al bout jounen jodia 29 polisye deja pèdi lavi yo.
Nan yon dokiman l pibliye nan okazyon 28èm anivèsè Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), RNDDH rapòte ant jen 2022 ak jen 2023, se omwen 58 polisye bandi ak zam voye anba tè kote genyen ladan yo se aprè yo te fin kidnape yo.
Òganis dwa moun lan deklare polisye yo viktim anba ensekirite a menm jan ak tout lòt sitwayen yo. Yo oblije ap fè fas ak Leta tou ki, olye l bay yo materyèl ak ekipman polis pou yo batay kont bandi ak zam yo, pito mete zam ak bal nan men bandi yo pou yo simaye dèy nan mitan popilasyon an.
Anplis sa, RNDDH denonse neglijans lajistis pote sou sekirite polisye yo. « Ajan yo pa jwenn pwoteksyon lajistis, ki konn deside pafwa libere kriminèl ak zam ki te fin arete, epi mete lavi polisye ki te patisipe nan operasyon yo an danje ».
Li mande pou lapolis, yon lòt kote, soumèt ajan li yo ak yon pwosesis sètifikasyon k ap gen nan tèt li yon ekip ki konpoze ak divès manm yon òganis endepandan, Enspeksyon Jeneral PNH la epi Akademi Nasyonal Polis la (ANP).
Facebook Comments