PetroCaribe : CARICOM mande Etazini leve sanksyon Venezyela gen sou do l yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
petrocaribe caricom mande etazini leve sanksyon venezyela gen sou do l yo

Kominote Karayib yo (CARICOM) mande Etazini pou l leve divès sanksyon peyi Venezyela gen sou do l yo nan lide pou pèmèt lòt peyi ki nan rejyon an kapab benefisye de inisyativ PetroCaribe a, depi kèk mwa k ap eseye reprann li.

Nan yon kominike ki pibliye vandredi pase a, aprè somè ki te fèt nan Bahamas lan ant plizyè dirijan peyi manm yo ak vis prezidan ameriken an Kamala Harris, yo mande pou gouvènman ameriken an repanse bagay yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chèf gouvènman CARICOM yo fè konnen sispansyon sanksyon sila yo ap ede pwogram PetroCaribe a relanse epi pèmèt eksplwatasyon chan gaz natirèl ki twouve l ant Venezyela ak Trinidad ak Tobago a avanse.

N ap raple, PetroCaribe se yon pwogram achte-vann petwòl ant Venezyela ak plizyè lòt peyi nan Karayib la. Li fonde an 2005, li te vin sispann an 2019 akòz sanksyon Tonton Sam te bay Venezyela. Sa te lakòz tou pwodiksyon petwòl yo a bese.

Sou menm tab diskisyon yo, n ap ajoute, dirijan yo te tou pwofite mande, jan sa toujou fèt, pou Etazini leve anbago ekonomik ki peze byen lou sou do Kiba a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.