Categories: AN KREYÒL SANTÉ SOCIÉTÉ

Plizyè lekòl nan Sendomeng fèmen pòt yo akòz pandemi Kowona a

Share

Repiblik Dominikèn ap fè fas nan dènye tan sa yo ak yon tansyon viris respiratwa. Pami yo, nou jwenn Covid-19 ki mete gwo enkyetid nan enstitisyon nòb yo tankou lekòl, bank, legliz ak bwat Leta yo. Daprè sa jounal Dominiken yo rapòte, plizyè sant eskolè nan Santiago fèmen pòt yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Daprè jounal Listin Diario, desizyon sa vini apre sèt pwofesè te teste pozitif anba kowonaviris la. Pi lwen, anviwon yon trantèn elèv te montre sentòm ki gen rapò ak pandemi sa.

Toujou daprè jounal la, kèk etablisman te oblije sispann klas depi ayè madi 16 janvye a, aprè yo te idantifye plizyè ka ki gen rapò ak Covid-19. Yo konstate tou jodi 17 janvye a aktivite eskolè yo toujou rete paralize.

Yon lòt bò, ministè sante piblik nan peyi vwazen anonse anvan timoun yo retounen lekòl, ofisyèl lekòl yo dwe planifye pou teste tout elèv yo kòrèkteman.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Covid-19 kowonaviris Listín Diario pandemi Repiblik Dominikèn Santé Santiago