Categories: AN KREYÒL SECURITE

Lapolis anonse sikilasyon kòmanse reprann nan kèk katye Maryani

Share

Nan yon videyo yo poste sou kont Facebook yo nan dat jedi premye fevriye 2024 la, lapolis anonse sikilasyon an kòmanse reprann nan kèk zòn nan Maryani, sitou nan zòn Maryani 3 ak anviwon Baz naval Amiral Killick la, elatriye.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi kèk tan, katye Maryani ki twouve l nan komin Gresye, pa sispann sibi anba entimidasyon bandi ki sòti Gran Ravin. Divès abitan katye sila abandone kay yo akòz presyon bandi sa yo.

Nan plizyè entèvansyon lapolis di yo mennen pandan 2 semèn sa yo, ekip kominikasyon lapolis la konfime ak laprès yo deja kòmanse pran kontwòl kèk katye nan katye Maryani tankou, alantou Maryani 3 ak anviwon Baz naval Amiral Killick la elatriye.

UDMO, SWATT, UTAG, se kò espesyal sa yo ki tabli operasyon sa nan Maryani, pandan chèf gang Bout Ba pa sispann kreye tapaj sou rezo sosyal yo. Nan yon videyo li poste sou kont Tiktok li, endividi a lanse plizyè defi bay fòs lòd yo kòmkwa yo pa ka rive bò lakay li, kòmkwa prezans lapolis nan Maryani se pou ba li sekirite, elatriye….

N ap raple, lapolis deja anrejistre plizyè defisi nan kad operasyon sa yo, tankou cha blennde ki boule ak zam gwo kalib ki deja pèdi nan katye sa bandi san fwa ni lwa nan Maryani ap terorize.

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 1er fevriye 2024 Bandi Bout Ba gang Maryani Operasyon PNH Polis SWATT udmo UTAG