Categories: AN KREYÒL MUSIQUE

Baky ak Troubleboy : sèl 2 rapè ayisyen ki fè yon milyon ekout sou Spotify

Share

Nan endistri mizik Ayiti a, se 2 rapè ki fè pèfòmans yon milyon ekout Spotify. Baky, ak “Vagabon Chanje” li fè ak K-DILAK, rive yon milyon ekout sou platfòm lan epi Troubleboy ak “Paka Ansanm” li ak Fatima, se 2 rapè sa yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Baky se dezyèm rapè ayisyen ki rive yon milyon ekout sou Spotify, gras a mizik “Vagabon Chanje” an li fè avèk K-DILAK. Mizik sa te sou dènye doub EP li a “Rap ap rete Rap/ Chante ap ret chante”. Se yon gwo pèfòmans pou Baky sou sèn mizikal peyi a.

Avan sa, Troubleboy te debouche rekò sa avèk “Paka Ansanm” ki fèt avèk Fatima, sa gen kèk lane. Chante sa te fè gwo siksè nan lane kòmanse 2018, se li ki te pote albòm “M pral nan peyanm pou yo a”. Jouk kounya mizik la ap woule sou platfòm yo.

Rezilta sa yo ankourajan pou sèn rap ayisyen an ak rekòtisans pèsonèl rapè yo sou Spotify. Menmke sa, fòk nou siyale poko g on mizik yon rapè fè pou kò l oubyen yon mizik ki gen plis pase 16 ba rap ki rive fè pèfòmans sa sou Spotify.

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti baky Fatima k-Dilak Mizik Rapè Spotify Troubleboy