Categories: AN KREYÒL MUSIQUE

T-Jo Zenny ak Apachidiz deside selebre manman yo nan fason pa yo

Share

Apachidiz, yon pwojè chantè T-Jo Zenny mete sou pye, sou wout mete premye albòm li deyò. Sa k ap entèresan sou pwojè sa, se yon mizik T-Jo konpoze pou selebre manman yo epi li mande fanatik yo patisipe nan videyo a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon videyo li poste sou kont Instagram li, chantè vedèt Kreyòl La esplike mizik sa li te ekri l pou manman l alabaz. Annapre, li ta pral chwazi fè mizik sa pou tout manman alawonnbadè. Atis la te jwenn yon lòt zeklè nan sa ki gen pou wè ak konsepsyon videyo sa.

Li mande tout fanatik yo voye pi bèl foto yo genyen ak manman yo sou yon imel li mete disponib pou sa (Apachidiz@gmail.com). Foto a pa bezwen  pwofesyonèl ni fèt nan estidyo. Lide a se selebre manman yo ak imaj ki rann pi bèl souvni nou gen avèk yo imòtèl.

Foto sa yo dwe rive sou imel la avan 10 me. Annapre, ekip k ap responsab montaj videyo sa pral triye pou mete foto yo jije ki nesesè nan videyo sila a. Se ak konpilasyon sa T-Jo chwazi onore manman yo ane sa.

Nan menm videyo anons sa, chantè a raple moun yo premye albòm Apachidiz la ap wè jou nan mwa me a menm. Albòm sa pote non “Apachidiz Volume 1” e mizik k ap selebre manman an se youn nan sa k ap sou li yo.

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by
Tags: Apachidiz Kreyol La Manman Mizik T-Jo Zenny