NETALKOLE

Petisyon pou fèmen sit fatra Meri Petyonvil la nan Laboul 12

Sitwayen nan komin Petyonvil, espesyalman nan kominote Laboul 12, ansanm ak plizyè òganizasyon tankou Organisation pour la Promotion des Valeurs Éducatives et Culturelles d’Haïti (OPVECH) ak Foyer Culturel des Jeunes de Pétion-ville (FOCUJEP), lanse yon petisyon pou fèmen sit fatra Meri Petyonvil la nan Laboul 12.

Depi plizyè tan, popilasyon Laboul 12 la ap soufri anba pwoblèm respirasyon akòz lafimen ki soti nan fatra k ap boule san rete nan zòn sa a. Lafimen sa reprezante yon gwo danje pou sante rezidan yo, espesyalman pou fanm ansent, tibebe, moun ki soufri ak opresyon, ak granmoun. Se nan lide sa, Rezidan Laboul 12 yo mande pou fèmen prese prese sit fatra sa, avan konsekans yo vin pi grav.

Laboul se yon katye rezidansyèl, e sitwayen yo eksprime enkyetid yo konsènan enpak negatif lafimen an sou sante kominote a. Yo mande yon aksyon prese prese pou evite yon katastwòf sante piblik.

Petisyon an, ki ap sikile aktivman nan kominote a, deja jwenn gwo sipò nan mitan sitwayen konsène ki deside siyen pou mande yon solisyon rapid. Lidè òganizasyon yo eksprime angajman yo pou kontinye pwotestasyon jiskaske yon solisyon dirab jwenn.

“Nou pap sispann mande responsab Meri Petyonvil yo pou yo fèmen sit sa prese prese. Lafimen ap touye nou si yo pa pran yon aksyon prese prese,” deklare yon reprezantan OPVECH.

Popilasyon Laboul 12 la ap suiv devlopman sa a ak anpil enterè, pandan yo ap tann yon repons efikas pou pwoblèm sante piblik yo ap fè fas.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave A Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *