NETALKOLE

Kidnapin lan retounen ak fòs an Ayiti, malgre prezans fòs miltinasyonal

Pandan wikenn ki sot pase a, Ayiti sibi yon lòt vag kidnapin ki mete peyi a nan yon eta tèt chaje. Malgre prezans fòs miltinasyonal la ki te rive pou pote sekou, sitiyasyon sekirite a kontinye ap degrade.

Plizyè sitwayen ak sitwayèn pezib nou pa rive konfime idantite yo viktim kidnapin anba men bandi san fwa ni lwa nan divès kwen nan rejyon metwopolitèn lan. Pami yo, yon antreprenè, yon pwofesyonèl sante, yon mesye ak tout pitit epi pitit pitit li.

Kidnapin sa yo rive nan yon moman kote fòs entènasyonal la fèk debake nan peyi a pou ede ak sitiyasyon sekirite a. Prezans yo te espere pote yon ralantisman nan zak vyolans yo, men premye evalyasyon yo montre gang yo pa janm ralanti nan zak britalite yo.

Viktim yo te kidnape nan diferan katye nan kapital la, Pòtoprens, ak nan lòt zòn periferik. Zak kriminèl sa yo lage yon kòlè ak dezolasyon nan mitan popilasyon an ki deja ap soufri anba yon ensekirite k ap fè ravaj.

Fòs entènasyonal la, ki te rive pandan mwa jen ki sot pase a, se yon konbinezon de sòlda ak polisye ki soti nan peyi Kenya. Yo te pran angajman pou travay ansanm ak otorite lokal yo pou ranfòse sekirite ak estabilite nan peyi a. Malgre sa, kantite ka kidnapin yo pandan wikenn lan demontre travay la pral difisil anpil.

N ap raple, gouvènman Garry Conille la ak manm Konsèy Tranzisyon yo te fè konnen yo ap redouble efò yo pou mete fen nan koze ensekirite a nan peyi a. Men, pou anpil Ayisyen, laperèz ak dout ap kontinye domine, pandan y ap espere yon chanjman reyèl nan sitiyasyon sekirite peyi a.

Pandan n ap tann plis detay sou entèvansyon fòs entènasyonal la ak siksè yo nan konbat gang yo, popilasyon an rete nan yon eta laperèz, tout pandan y ap tann yon fen nan koze ensekirite a epi pou yo mennen yon vi anpè nan peyi a.

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire