Nan yon kominike ki pote dat 17 jiyè 2024, administrasyon minisipal Pòtoprens lan ki t ap pase konsiy pou jounalis k ap kouvri evènman yo sou tèren an, entèdi yo mache dèyè blennde ki sou tèren operasyon yo.
Fas menas ki genyen sou lavi chak grenn moun pandan operasyon yo ki souvan fèt nan echanj kout bal ant fòs lòd yo ak bandi ame yo, Lameri Pòtoprens mande jounalis yo pou afiche yon konpòtman ki pi responsab, pou pa al riske lavi yo san sa pa t nesesè.
Lameri Pòtoprens pwopoze pou travayè laprès yo kapab anplwaye lòt metòd travay ki kapab pèmèt yo genyen enfòmasyon avan epi gade kijan preparatif yo ap fèt avan operasyon yo lanse. Otorite minisipal yo mande pou jounalis yo pa entèfere nan travay fòs lòd yo.
Lameri Pòtoprens ankouraje jounalis yo konsantre efò repòtaj yo sou aprè evènman yo ki, daprè kominike an, se moman ki pi apwopriye pou pran temwanyaj, prèv ak enfòmasyon detaye sou tèren an.
Source Photo: Le Facteur Haiti