AN KREYÒLINSECURITE

Plis pase 2 000 moun deja kouri kite kay yo Gantye akoz vyolans Gang

Dènye atak gwoup gang ame 400 Mawozo fè sou Gantye yo pa san konsekans kote nan mwens pase 2 semèn plis pase 2 000 moun deja kouri kite lakay yo pou pwoteje lavi yo kont vyolans k ap taye banda nan zòn lan depi 21 jiyè pase.

Gwoup gang ame k ap kontwole rejyon Kwadèboukè an, 400 Mawozo, deja fòse 2 121 moun kite lakay yo nan komin Gantye pou al refijye nan abri pwovizwa oubyen lakay pwòch yo, daprè dènye rapò detachman an Ayiti Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (OIM).

Nan rapò sa, moun sa yo ki sòti prensipalman nan 985 fanmi, deplase kite lakay yo aprè atak nan dat 21 jiyè pase an ki fèt sou 5èm seksyon Peyi Pouri, epi kèk jou pita nan 4èm seksyon Mare Wozo kote plis pase yon dizèn moun ta pèdi lavi yo.

Yon sitiyasyon ki toujou poko retounen anba kontwòl otorite Leta yo, kote gang 400 Mawozo ki gen nan tèt li Lanmò San Jou te demoli komisarya vil la, mete dife nan yon blennde Lapolis ak nan yon pati nan dwàn lan.

 

Kredi Foto: Clarens siffroy

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.