Adidas pare pou kolabore ak Kanye West ankò pou evite twòp defisi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
adidas pare pou kolabore ak kanye west ankò pou evite twòp defisi

Menmsi anyen poko konfime genyen plizyè bri k ap kouri sou yon potansyèl rekonsilyasyon ant Adidas ak Kanye West.

Aprè l te fin koupe tout lyen ak “Ye”, mak alman an ki nan gwo difikilte depi lè sa, ta sanble ap gade kòman l kapab rantre gwo sòm lajan li pèdi yo, e pami solisyon yo se rekonsilye ak Kanye West.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi aprè divòs Adidas ak rapè afwo-ameriken an, mak la anrejistre yon chit san parèy. Depi 2022, rezilta nè Adidas tonbe ak 254 milyon ewo alòske an 2021 li te nan 1,9 milya ewo yo. Swa yon pèt total 700 milyon ewo.

Sa lakòz mak ki gen 3 ba a twouve l nan enkapasite pou vann estòk « Yeezy » li yo. E daprè plizyè rimè, Adidas anvizaje reprann kontak ak Kanye West nan lide pou relanse vant « Yeezy » yo sou mache a. Men jiskaprezan se bri k ap kouri.

Toutfwa si Adidas ta retounen fè rapè a konfyans ankò epi reprann kolaborasyon yo, sa gendwa pa fè kèk moun plezi, sitou akòz move pwopo antisemit li yo ki te lakòz Adidas divòse ak li ane pase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.