Pou demi final ale « Copa del Rey » la nan peyi Lespay, ap gen yon rankont k ap mete ekip Barcelone nan fas ak Real Madrid, jedi 2 mas 2023 a nan Santiago Bernabeu a. Daprè « RAC1 », Ousmane Dembélé pap gentan pare pou l jwe klasiko sa, aprè li te blese fas ak ekip Girona a, 28 janvye pase a.
Blaugrana yo pap ka konte sou jwè fransè a Ousmane Dembélé pou demi final ale « Copa del Rey » la akoz li poko fin anfom, daprè « RAC1 ». Men Xavi ap kapab konte sou li 12 mas k ap vini la, kote Barcelone ap deplase pou yon match nan San Mamés la fas ak ekip Athletic Bilbao a.
Ekip Xavi a ap gen nan men l pou kòmansman mwa mas la yon klasiko fas ak Real Madrid epi yon match nan Liga a fas ak ekip Athletic Bilbao a. Absans jwè fransè a kapab peze anpil nan rankont sa yo pou Barcelone ki deja gen Pedri ki blese.
Pou 2 mas k ap vin la a nan demi final Copa del Rey la se pral yon batay ant premye Liga a, Barcelone ak 2zyèm nan Real Madrid. Yon rankont enpòtan pou Xavi, ki sot pran premye tit li ak Catalan yo sou Real Madrid nan super koup Espay la.
Facebook Comments