Ajantin kalifye pou kadefinal, rèv la ka kontinye 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
ajantin kalifye pou kadefinal, rèv la ka kontinye 

Nan yon match ki te difisil, Ajantin rive gen rezon sou Ostrali (2-1) nan uityèm final Koupdimonn Kata 2022 a. Albiceleste a se dezyèm ekip ki kalifye pou kadefinal Mondyal la.  

Bagay yo pa t dous menm nan Ahmad Bin Ali Stadium nan kote Ajantin t ap toke kòn li ak Ostrali nan kad uityèm final Koupdimonn FIFA Kata 2022 a. Seleksyon Ajantin nan bat Oseyanyen yo (2-1) pou yo pran tikè yo pou lòt etap la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se Messi ki te debloke sitiyasyon an pou Ajanten yo (35′). Se premye gòl Leo fè nan faz eliminasyon dirèk yon Mondyal. Gòl sa fè l vini dezyèm pi bon bitè Ajantin nan Koupdimonn (9) dèyè Gabriel Batistuta (10). Se te milyèm match Messi t ap jwe nan karyè l. 

Jwè Lionel Scaloni yo te vin double miz la gras ak Julian Alvarez nan dezyèm mitan match la (57′). Ajanten yo te trankil jiskaske Ostrali redwi eka a ak yon gòl Enzo Fernandez fè nan pwòp kan l (77′). Rès match la te yon perip pou ekip Ajantin nan e yon boukan lespwa pou Ostrali. 

Lautaro Martinez, ki te monte nan match la, rate plizyè okazyon pou l te fè brek la pou Sidameriken yo. Nan dènye enstan pati a, se Emiliano Martinez ki sove Ajantin sou yon dènye atak Ostralyen yo. Nan kadefinal, Ajantin pral kontrekare ak Oland. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.