4 moun mouri nan yon fiziyad Maïs Gâté 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
4 moun mouri nan yon fiziyad maïs gâté 

Yo tout se jèn gason, 4 moun mouri nan yon fiziyad nan zòn Maïs Gâté, komin Delma, ayè mèkredi 14 septanm lan nan aprèmidi. Nèg ak zam debake epi louvri kout zam sou yo sanzatann, daprè moun k ap viv nan zòn nan. 

Aksyon trajik sila pase pi presizeman nan rantre mache piblik “Mache kiben an” zòn 5 è nan aprèmidi. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

4 jèn gason ki viktim yo, temwen ki sou plas idantifye yo tankou Kerby, Mayè, Mackenson ak Ti ponyèt. Yo tout rete nan zòn kote fiziyad la fèt la. 

Jan sa toujou fèt otè zak yo rive sove san okenn difikilte, sa k pi mal la pèsòn pa rive idantifye yo. 

N ap raple gen 2 fiziyad menm jan ki te fèt konsa nan mwa jiyè ak mwa dawout pase, nan zòn Carradeux ak Eddy-One (komin Taba). Nan chak zòn sa yo te genyen pou pi plis 5 moun ki te mouri. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.