Akòz peyi a fèmen, yon pwofesè lekòl oblije al vann dlo pou l siviv  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
akòz peyi a fèmen, yon pwofesè lekòl oblije al vann dlo pou l siviv  

Beauvil Wildens Jeudi se non yon jenn pwofesè Syans sosyal ak Filozofi ki oblije al vann dlo pou reponn ak bezwen l depi aprè peyi a fin bloke a. Pandan yon virewon anndan Simityè Pòtoprens ayè 2 novanm nan, nou te rive tonbe sou jennom sila epi pale avèk li pandan l t ap sot vann dlo. 

Jenn gason sila ki di l nan domèn ansèyman depi 2014, avwe li kòmanse vann dlo 1ye novanm pase a akòz rezèv li te fè pandan ane akademik pase yo fini nan men l. Akòz lekòl la paka louvri sitiyasyon a an vin pi difisil pou li reponn ak bezwen l chak jou.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

« M te rete mezi 500 goud lakay, se 500 goud lan m pran mwen ap envesti pou m vann dlo », se plent (ansyen) pwofesè a. 

Mesye Jeudi esplike lekòl te sipoze louvri depi 3 Septanm pase, men akòz gouvènman te di pa gen ase mwayen pou paran yo te kapab prepare rantre klas timoun yo suit ak plenyen ki te gen sou sa, yo te oblije repòte l pou 4 Oktòb 2022. Men nan mitan Septanm, menm gouvènman sa te deside monte pri gaz la, epi pèp la di l li pa dakò ak desizyon sila, depi lè a peyi a bloke. 

« M pa kont avèk revandikasyon an paske gaz la ki monte a pa bon pou pyès moun. Men ann gade pou n wè mesye, kote ke gaz sa ki monte a ki kòz lekòl paka ouvè, timoun paka al lekòl, pwofesè paka reprann aktivite yo, ann gad pou n wè kote nou prale ansanm avèk peyi a, ansanm avèk Ayiti », li kontinye pou di. 

Sivivan deklare fòk pèp la revandike paske akòz gaz la ki monte a tout pwodwi premye nesesite yo monte. Pandan l t ap etale pri kèk pwovizyon ki vann byen chè kounya tankou espageti, lwil, chabon, elatriye, li te mande Leta « lè li kite lekòl la ret fèmen, kisa l di paran ak elèv yo ». 

« Pa bliye elèv yo, se yo ki avni peyi a. Se yo menm demen si Dye ve ki pral ranplase nou. Si jodiya aprè 8 lane m fè nan pwofesyon sa, m ta tonbe m mouri, kiyès ki pral ranplase m? Mpa gen ranplasan, paske nou fèmen lekòl. Si lekòl ouvè m ap kapab di mwen konte, mwen konfye m sou yon ranplasan ». 

« Se toujou menm chante a, menm kantik la, menm pawòl yo, se sèl grenn mwen menm ki  pou toujou ret fè kou. Men m ap fin granmoun, lè m fin granmoun e lè m vin fè pitit pam nan, kiyès ki pral edike l pou mwen? Pa gen moun! Se mwen menm ankò ki pral toujou kanpe devan l, li pa p bon pou mwen », se toujou deklarasyon pwofesè Syans sosyal ak Filozofi a, ak yon langaj pwenti. 

Beauvil Wildens Jeudi di « li pa p fè politik, li pa p mande ni depa ni rete pyès moun ». Men li mande klas boujwazi a, nèg ak zam yo ki mete tèt yo nan kategori “ajan sosyal”, opozisyon ak pouvwa, pou yo fè yon “mea culpa” pou lekòl la kapab ouvè pou timoun yo ka retounen nan klas. 

Jennom nan di l santi li endiye, li santi l redui paske nan sosyete nou an yo souvan di pwofesè yo se tèt malèt la. Nenpòt sa yon moun ye, kit Prezidan, Premye minis, elatriye, se gras ak yon pwofesè, epi se nan kondisyon sa l oblije ap viv pou kounya. 

Ak yon bokit ki gen yon sachè dlo ki fin vann nan men l, li deklare depi 1ye novanm nan – ki se dat li kòmanse vann dlo pou l siviv la – l ap mawon pou jounalis, pou moun ki rekonèt li, sitou elèv li yo. Men li deside afwonte reyalite a « petèt nèg yo a wè nan ki eta l ap viv epi yo ta pran konsyans epi retounen sou ouvèti klas yo ». 

Jeudi di l pa di pyès moun pa manifeste ak revandike, men pou yo eseye wè kòman yo ka relanse aktivite eskolè yo pou timoun yo ka al lekòl epi pou pwofesè yo, sitou sa ki gen sèl baton krè a kòm zam pou yo manje a, pou yo kapab retounen pran baton krè a pou yo kapab manje. 

N ap raple, depi plis pase yon mwa peyi d Ayiti bloke akòz divès mouvman pwotestasyon ki genyen nan lari a suit ak desizyon gouvènman Ariel Henry an te pran pou ogmante pri gaz la sou mache a epi pa sibvansyone pri l nan ponp yo ankò. Yon desizyon ki lakòz jouk jounen jodi a lekòl, pami plizyè lòt sektè piblik kou prive paka fonksyone kòrèkteman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rantre klas yo pa janm rive posib malgre divès jefò paran yo fè pou voye pitit yo lekòl ane sa, yo wè nwa. Okenn preparasyon pa rive fèt a tan, vin mete sou sa peyi a bloke.  

Kominote dwa timoun Nasyonzini yo te mande madi 1ye novanm lan pou kominote entènasyonal la aji “san pran tan” fas ak divès menas ki pandye sou tèt timoun yo nan peyi d Ayiti. 

Daprè komite a, zak vyolans ki pa sispann ogmante nan peyi d Ayiti anpeche plizyè timoun ale lekòl depi 3 Oktòb pase, mete sou sa epidemi kolera ak malnitrisyon ki menase yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Kominote entènasyonal la dwe sipòte otorite nasyonal yo nan devwa yo pou garanti dwa timoun yo pou yo viv, grandi, aprann ak pwospere nan yon klima san vyolans, » se sou sa Komite a te ensiste. 

Malerezman, malgre tout apèl sa yo pyès timoun poko janm ka al lekòl, san konte gouvènman pa montre okenn volonte pou pèmèt yo retounen al pran bon jan pen lenstriksyon pou yo ka itil peyi a demen. Menm jan ak sekirite, lasante, ledikasyon pa gen pyès valè pou pouvwa anplas la, ki gen nan tèt li Ariel Henry. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.