Aktè Jonathan Majors nan gadavi pou agresyon ak asèlman

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
aktè jonathan majors nan gadavi pou agresyon ak asèlman

Youn nan sipèsta fim « Creed III » ak « Ant-man et la guêpe: Quantumania », Jonathan Majors enplike nan yon dispit avèk yon fanm yo prezante kòm mennaj li. Aprè lapolis te resevwa yon apèl ayè dimanch lan bò 11è nan maten ki te fèt depi yon apatman nan katye Chelsea nan Manhattan (NY), yo te debake epi mete aktè a 2 bra dèyè do epi ale ak li.

Daprè TMZ, ki pibliye enfòmasyon an, aktè a t ap souflete epi peze kou yon fanm pandan yo te nan yon taksi aprè yo te sot nan yon ba ansanm.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lapolis pa bò kote pa l revele sèn sila rive fèt aprè dam nan te jwenn plizyè mesaj sou telefòn Jonathan Majors ki pa fè l plezi, epi l te deside konfwonte l, swit ak sa diskisyon met pye.

Aktè 33 lane a aprè sa fin pase te deside lage mennaj li nan wout epi rantre lakay li al kouche. Nan demen maten, viktim nan te pote plent pou aktè a. Swit ak arestasyon l yo pa t pran tan pou relache, si n kwè avoka li. L ap gen pou l prezante devan lajistis 8 me k ap vini la.

Toutfwa genyen gwo enkyetid ki plane sou tèt li akòz estidyo Disney yo sansib pou repitasyon yo. Pyès moun poko konnen si Jonathan Majors p ap pèdi wòl li jwe la yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.