Aktivite transpò yo kòmanse reprann tipa tipa nan vil Pòtoprens lan 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
aktivite transpò yo kòmanse reprann tipa tipa nan vil pòtoprens lan 

Aprè plizyè jounen lòk nan prèske tout kwen nan kapital manman peyi a, Aktivite  trafik machin yo rekòmanse reprann timidman depi ayè 20 an pou rive jodi 21 septanm 2022 a. Nan kèk kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan machin prive, kou trafik, kamyon ak moto, kòmanse tchyoule kò yo tipa tipa sou wout yo, nou te remake tou prezans kèk sitwayen ki te eseye met kò yo nan lari a pou chache pen kotidyen. 

Byen bonè maten mèkredi sa a, repòte nou yo nan kad ribrik « Figi lari a », te konstate plizyè sitwayen ki te reprann aktivite biznis yo nan kèk rakwen vil la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Pa gen barikad jan sa te ye jou pase yo, kèk chofè moto, kamyonèt, bis, reprann aktivite yo, prèske tout zòn yo sanse fin pwòpte pou lavi ka reprann kòmsadwa. » Rapòte youn nan jounalis repòtè nou yo. 

Wout ayewopò a, Nazon ak Dèlma, Bò estad Sylvio Cator, Pòtay, pami divès lòt kote, machin transpò piblik ak machin prive yo te remake nan lari yo. 

Li enpòtan pou n siyale tou, genyen yon gwo prezans lapolis nan lari yo tou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.