All For God, yon bèl albòm gospèl pou Shedly Abraham ak anpil gwo envite

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
all for god, yon bèl albòm gospèl pou shedly abraham ak anpil gwo envite

Mayestwo Shedly Abraham apèn mete deyò albòm li ki gen pou tit “All For God”. Pwojè sa rasanble yon pakèt atis HMI kote yo tout ap chante pou Kris.

Se nan fen mwa mas la, Shedly Abraham, yon kreyatè ki gen respè ak admirasyon anpil tizè mizk, mete albòm li disponib sou tout platfòm yo. All For God se yon kokennchenn pwojè ki gen sou li krèm atis ayisyen yo e menm atis etranje.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis atis ki prete pwojè sa vwa yo anpil men nou ka site K-Dilak, Arly Larivière, Daan Junior, Charlin Bato, Baky, Gazzman, Shabba, Roosevelt Jean Noël. Envite yo plis pase yon trantèn sou albòm mayestwo a.

Gen 2 videyo ki sòti an rapò ak albòm sa. Youn ladan yo se Anie Alerte ak Armstrong Jeune k ap entèprete yon mizik ki titre “Kenbe m”. Nan lòt videyo yo, se Anthony Drew ki mele vwa l ak Phyllisia Ross sou yon tit yo rele “Notre Père”. Bèl melodi, bèl imaj, bon mizik, tout kondisyon reyini pou oditè yo viv yon bèl eksperyans sa.

Batè ki chaje ak talan e mayestwo Vayb, Shedly, te pran bon rekil sou koze mizik. Pou kounya, li di tout sa ki entèrese l se Krisyanis paske l estime li se yon mirak.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.