Amerik Latin lan ak Karayib la gen 131 milyon moun k ap mal manje daprè Nasyonzini 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
amerik latin lan ak karayib la gen 131 milyon moun k ap mal manje daprè nasyonzini 

Nan yon rapò ki pibliye nan dat 19 janvye ki sot pase a sou sitiyasyon fanmi yo nan rejyon an, Nasyonzini fè konnen genyen 131,3 milyon moun nan Amerik Latin lan ak Karayib la ki pa gen mwayen pou ofri tèt yo yon alimantasyon bon kalite. 

Daprè Nasyonzini, rejyon Amerik Latin lan ak Karayib lan se kote nan tout mond lan yon moun bezwen plis lajan pou l byen manje avèk an mwayèn 3,89 dola pa jou pou chak tèt moun konpare ak 3,54 dola ki se mwayèn mondyal la. 

Rapò sa ki fèt sou sekirite alimantè ak nitrisyonèl pou ane 2022 an fè konnen nan rejyon an gen 22,5% moun ki nan sitiyasyon sa kote yo pa gen ase mwayen pou ofri tèt yo yon bon manje. Majorite moun sa yo ap viv nan karayib la ki gen fwaye k ap viv ak mwens mwayen yo. 

Nouvo rapò sa Nasyonzini pibliye an montre yon ogmantasyon jiska 8 milyon moun anplis ki vin twouve yo nan sitiyasyon sa konpare ak 2019. Nan karayib la, yon moun bezwen chak jou 4,23 dola pou kapab byen manje lwen devan Sid Amerik la ki rive a 3,61 dola pou chak tèt moun. 

Mario Lubetkin ki se Direktè adjwen FAO epi Reprezantan rejyonal pou Amerik Latin lan ak Karayib la, okenn politik pa p kapab pou kont li pote solisyon ak pwoblèm sa. Mekanis kòdinasyon nasyonal ak rejyonal yo dwe ranfòse pou reponn ak grangou epi malnitrisyon ki gen nan rejyon an. 

«Ensekirite alimantè a kontinye ogmante akoz kriz ki lye ak kesyon pri manje ak gaz konfli an Ikrèn lan pwovoke an epi konsekans Kowonaviris lan», deklarasyon Lola Castro ki se Direktris rejyonal Pwogram alimantè mondyal (PAM) ki kwè gen nesesite pou kominote entènasyonal la aji vit nan ede gouvènman peyi yo ki nan rejyon an. 

Pou Carissa F. Etienne ki se Direktris Òganizasyon panamerikèn sante, Nasyonzini dwe redouble efò l yo pou konbat kont malnitrisyon sou tout fòm nan fè pwomosyon pou bon jan politik piblik ki vize kreye anviwonnman sen, reglemante piblisite move manje yo epi soutni politik nan kesyon alimantasyon ak aktivite fizik nan lekòl yo. 

Ant 2019 ak 2021, kantite moun k ap soufri grangou nan rejyon an konnen yon ogmantasyon 13,2 milyon anplis ki mete l jounen jodia a 56,5 milyon kote 16,4% nan moun sa yo ap viv nan rejyon karayibeyèn lan kote Ayiti twouve l. 

 

 

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.