Repiblik Domikèn voye 5 elikoptè nan peyi Ayiti pou pwoteje anbasad li a  

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
repiblik domikèn voye 5 elikoptè nan peyi ayiti pou pwoteje anbasad li a  

Swit aprè mouvman pwotestasyon ki deklanje ayè jedi 26 janvye 2023 a, nan plizyè kwen nan peyi a, Repiblik dominikèn voye 5 elikoptè antiteworis pou siyonnen komin petyonvil la jodi vandredi 27 janvye 2023 a, nan lide pou pwoteje anbasad li a. 2 ladan yo deja sou teritwa nasyonal la. 

Plizyè lidè dominiken pami yo, Prezidan Luis Abinader kontinye ap mande yon entèvansyon entènasyonal nan optik pou mete fren ak kriz Ayiti ap travèse pandan dènye jou sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè deklasyon anpil nan yo, Ayiti reprezante yon menas pou Repiblik Dominikèn. Lidè dominiken yo vle fè konprann, si chef gouvènman an pa chèche yon entèvansyon prese prese pou peyi a, nan jou k ap vini la yo sa kapab pi grav. 

Depi kèk lane peyi Ayiti sou yon move pant. Malgre ansanm previzyon ki fèt, ak plizyè akò ki siyen, yo pa fè ni cho ni frèt o kontrè sitiyasyon an vin pi mangonmen. Popilasyon ayisyèn nan kontinye ap mache tèt bese. Alòske responsab yo ap fonktyone ak fyète, ta sanble kriz peyi a pa di yo anyen. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.