Anrejistre yon konpayi oswa yon biznis an Ayiti, kit se nasyonal oubyen etranje, sa mande pou nenpòt moun moral oswa fizik ranpli yon seri fòmalite administratif byen defini pa Ministè Komès ak Endistri an Ayiti.
Kòman yon moun ka anrejistre yon biznis an Ayiti ?
1- Moun k ap anrejistre biznis lan ap bezwen rapli yon aplikasyon bay Ministè Komès ak Endistri, nan lide pou li fè demann lan. Li dwe ekri nan yon orijinal ak yon kopi enfòmasyon sa yo.
- Siyati, prenon ak domisil aplikan an
- Nimewo kat anrejistreman taks
- Pwodwi ak sèvis ki kouvri pa mak la
- Yon tenb mobil 16 goud mete sou orijinal la
- Nan ka yon mak melanje sa vle di logo ak non oswa konsepsyon, moun nan dwe fè yon deskripsyon ak 5 kopi tache ak demann lan
- Achte yon tenb nan DGI pou 16 goud
- Jwenn 2 viyèt (Vignette en Français) nan men Ministè Komès ak Endistri Ayisyen an
- Si mèt mak la a oubyen biznis lan se yon etranje, li dwe bay yon avoka ayisyen manda pou reprezante li
- Soumèt fòm lan, ki byen ranpli bay Sèvis Komès Entèn nan Ministè Komès ak Endistri
2- Soumèt yon kopi resi oubyen resepise anrejistreman an bay Jesyon Jeneral Sant Fasilitasyon Envestisman an.
3- Peye yon frè piblikasyon pou mak la a, oswa biznis lan bay laprès nasyonal .
4- Tcheke epi tann dat limit legal la pou konteste.
5- Retire nan men Ministè Komès ak Endistri yon lèt otorizasyon pou peye frè taks ki gen rapò ak anrejistreman an, yon fwa peryòd legal pou konteste a fini oswa pase.
6- Peye taks enskripsyon an (163.00 goud) dirèkteman nan DGI, aprè lèt otorizasyon Ministè Komès ak Endistri a.
7- Pou rezon fasilitasyon, aplikan an ka altènativman, depoze nan MCI a yon chèk sètifye oswa yon chèk direksyon peyab nan DGI.
8- Peye frè pwosesis la ki se de san senkant goud (250 goud) pou chak klas. Ministè Komès ak Endistri a ap fè yon rapò enskripsyon an konsiderasyon ak resi oswa resepise peman taks la nan DGI ak sou prezantasyon tenb yo ak viyèt ki lye ak rapò a (pwosè vèbal).
9- Mande lòt dokiman. Aplikan an ap bezwen mande lòt dokiman an fonksyon de kalite biznis li swete anrejistre a.
- Pou yon koutye ladwàn : aplikan ap bezwen otorizasyon Administrasyon Jeneral Ladwàn.
- Pou yon Mezon transfè : aplikan ap bezwen otorizasyon Ministè Ekonomi ak Finans
- Pou yon konpayi kourye : aplikan bezwen otorizasyon nan biwo Lapòs Ayiti.
- Pou yon biwo yo chanje lajan : aplikan ap bezwen otorizasyon Bank Repiblik Dayiti.
MCI a gen 3 jou travay pou verifye dosye a, epi bay reprezantan patenarya jeneral la referans pou anrejistreman konpayi an oswa biznis lan.
Donk, si tout domikiman yo anfòm, san erè, moun nan ap jwenn kat idantite pwofesyonèl oswa CIP, konsa l ap kapab kòmanse eksplwate biznis li a. Paske jan sa parèt nan atik 2 dekrè 26 septanm 1960 lan, presizeman nan 1ye paragraf ki reglemante pwofesyon komèsan an ;
« Nenpòt moun ki fè komès sou teritwa Repiblik la oblije jistifye posesyon yon kat idantite pwofesyonèl (CIP) ki endike deskripsyon li, ti non li, non li, dat ak kote li fèt, nasyonalite orijinal li oswa nasyonalite li te genyen si sa aplikab, ansanm ak domisil li. »
Men sepandan, moun nan dwe sonje pou li anrejistre pou taks tou. To estanda taks sou valè ajoute (VAT) an Ayiti a se 10%. Taks sou revni pèsonèl an Ayiti se 15% ak yon taks sou revni minimòm 10,000 goud.
Anplis taks sou revni an, komèsan etranje yo nan sijè sa a dwe gen : Peman chaj sosyal (TMS) -Frè lisans – Dwa patant -Dedwanman Fiskal oubyen taks -Frè enskripsyon taks – Taks pou lokasyon
Li enpòtan pou nou note, objectif pwosedi sa yo se pou evite, oswa pou anpeche itilizasyon yon mak oswa yon biznis ki deja anrejistre pa yon lòt moun fizik oswa moral.
Facebook Comments