« André Michel se Premyè dam Repiblik la », se deklarasyon plizyè manifestan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
« André Michel se Premyè dam Repiblik la », se deklarasyon plizyè manifestan 

Genyen anpil pwotestasyon nan plizyè rakwen peyi d Ayiti aprè gouvènman Ariel Henry an deside fèmen je l sou sa k ap pase aktyèlman nan Pòtoprens ak vil pwovens yo ak ensekirite a, epi deside monte pri gaz la nan ponp yo malgre pèp la di « non ».  

Manifestan yo gen yon nouvo sib nan pwotestasyon yo, li pa lòt se André Michel. Lidè Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP) pa jwenn okenn apresyasyon pa bò kote popilasyon depi kèk tan akòz li rejwenn pouvwa anplas la.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo fè konnen André Michel se « Premyè dam » Ariel Henry. Li se « madanm » Premye minis lan : yon fason pou pwotestatè yo fè konnen 2 moun sila yo se kòkòt ak figaro yo ye. 

Depi lè André Michel fè pati pouvwa PHTK twazyèm vèsyon an, bouch li vin lou pou denonse yon seri deriv Tèt Kale yo ap fè nan tèt peyi a, paske li menm tou li nan ekip la k ap dechèpiye pouvwa. Se poutèt sa yo sible ansyen “Avoka Pèp la” nan revandikasyon yo. 

Ayè mèkredi 14 septanm lan, plizyè dizèn manifestan te rantre anndan lakay André Michel nan zòn Thomassin 48B pou t al fè dega. Yon premye gwoup te lanse atak la nan maten epi boule yon machin mèt la te gen nan lakou a, epi nan aswè bò 6 zè konsa yon lòt gwoup te rantre al vizite anndan ankò epi dechèpiye.  

N ap raple depi plizyè mwa aktivite yo ap mal mache akòz gaz ki pa genyen sou teritwa, se youn nan rezon aprè zafè dola k ap souflete goud la, ki fè pèp la pran lari a pou mande lokatè Primati a ak tout parèy li yo remèt demisyon. Anpil dega sitou dechoukay gentan fèt nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.