Zak kidnapin an Ayiti, kontinye ap ogmante chak jou k ap pase, sitou nan dènye ane sa yo. Viktim kidnapin sa yo souvan se sitwayen ayisyen, pafwa menm otorite yo vize tou.
Se nan kontèks sa, bandi ak zam te kidnape ayè lendi 17 avril 2023 a, Direktè Biwo Depatmantal Latibonit Direksyon Jeneral Taks nan Gonayiv, daprè enfòmasyon ki te rive jwenn redaksyon nou an.
Direktè DGI Gonayiv la, Fleurimond Antoine te kidnape nan yon zòn ki rele Kwa Peris (Croix-Périsse), ayè lendi 17 avril 2023 sa a. Dapre jounalis Raoul Archille, lokalite sa a depi plizyè jou se gang ak zam ki fè pati gwoup gang ki rele Kokorat San ras la k ap dirije l.
N ap note, nan moman redaksyon atik sa (10zè 30) nou pa konnen si kidnapè yo deja pran kontak ak fanmi otaj la.
Facebook Comments