Reyinyon ant Ariel Henry ak nouvo chèf BINUH la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
reyinyon ant ariel henry ak nouvo chèf binuh la

Premye Minis Ariel Henry rankontre ayè lendi 17 avril 2023 a, ak nouvo Reprezantant Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, Madam Maria Isabel Salvador. Diskisyon yo te konsantre, sou objektif Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), kriz sosyo-politik nan peyi a ak lòt ankò, daprè sa Biwo Primati a rapòte.

« Premye Minis la, Doktè Ariel Henry, rankontre, lendi, nouvo chèf BINUH la, Madam Maria Isabel Salvador. Se te yon premye kontak kote dosye prensipal yo konsènan misyon BINUH yo te revize » te ekri Biwo Primati a nan yon mesaj pibliye sou Facebook ak Twitter.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa, nouvo Reprezantant Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti a, Madam Maria Isabel Salvador, remèsye tou lokatè Primati a, pou demach yo inisye nan lide pou mete sou pye Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP), konsa pou eleksyon kapab fèt san pèdi tan nan peyi a.

Fèk enstale nan tèt misyon Nasyonzini an Ayiti, n ap raple, Maria Isabel Salvador depi li te pran pòs li nan peyi, nan dat ki te 3 avril 2023 a, se pou premye fwa diplomat Ekwatoryèn nan rakontre a Chèf Gouvènman Ayisyen an, Ariel Henry.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.