Anpil moun kont vwayaj komedyen Mathias kay Tonton Sam

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
anpil moun kont vwayaj komedyen mathias kay tonton sam

Se avèk anpil kòlè plizyè moun sou rezo sosyal yo, pami yo Facebook, eksprime opinyon yo sou vwayaj komedyen ayisyen Mathias nan peyi Lèzetazini. Yo fè konnen « pou jan atis la te konn ap pale kay blan meriken mal pou jounen jodia li gen ase kouraj ak odas pou l mete pye l pile la ».

Depi omwen 2 jou, kòmantè yo ap grennen tankou lapli sou do Mathias Dandor aprè l fin rive kay Tonton Sam. An rezon pozisyon politik li te genyen nan tan pase yo, plizyè itilizatè rezo sosyal yo jije menm nan rèv atis la pa t sipoze pile teritwa ameriken an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Li t dwe ale deja wi paske pifò ayisyen se kanibal nou ye nou t fèl maron al kache kòl nan st domeng,knya nèg la jwenn lage pyel poul te rete la apre pou nou t fè bandi nou yo manjel” : Wilson Jean Baptiste

“Saw poste la a ou menm? Bann kriminèl nou pat getan asasine l bann djòl bòkyè” : Libere Ayiti

“C Pou yo ta tou aretel voyel anba Pou ipokrit” : Jackson Jean Baptiste

“Depi kilè matyas te militan konsa? Mwen jis wè misye kòm yon moun ki tap eseye ti chemen kout” : Jean Philippe L. Creve-Coeur

“Esa yap di yo a wi yo renmen pwen an men yo rayi ougan an, gen de bagay ou fè pa emosyon lap tounen kont ou, antouka mwen kontan” : Patrick Valesco

“Oh non! @Matias Dandor pa ka pase dènye lane sayo ap fè zak sabotaj kont Ayiti pou patron l yo oligark kowompi, epi divilge yon diskou anti-Amerikèn « Aba USA » Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti) epi kounye a deside kite peyi a li te patisipe nan destabilize pou al emigre nan Etazini. Etazini, peyi ke li te genyen yon diskou asid kont li ya, peyi li te kon n di “Aba” kont li a. Yo rele sa sanwont!!!” : Gedony Fontil

“Si se ayisyen ki tap bay otorizasyon pou Mathias vwayaje li te deja pa vwayaje men malerezman se USA ki bay” : Jemerson Marcelus

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa yo se kèk kòmantè pami divès lòt nou ranmase sou rezo sosyal Facebook ki konsène vwayaj komedyen ak chantè Mathias Dandor kay blan meriken.

Moun sila yo pa mete dlo nan bouch jiskaprezan pou fè konnen aprè Mathias te pase plizyè lane ap goumen kont Jovenel Moïse epi Lèzetazini, li te konn akize kòm peyi ki responsab nan eta Ayiti ye aktyèlman an, « èske l pa wont jounen jodia pou l rantre Ozetazini ».

Yo menm akize Mathias kòm moun ki kontribiye nan mete peyi d Ayiti kote l ye jounen jodiya.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, n ap raple depi nan lane 2020 komedyen an te deside vin aktivis, li te menm rive patisipe nan plizyè mouvman politik kont ansyen rejim Tèt Kale a, lè sa se Jovenel Moïse ki te sou pouvwa a. Se youn nan rezon ki t ap pral lakòz Mathias ale an Repiblik dominikèn, aprè l te fin vandalize memoryal Saint Christophe la ki fèt nan memwa viktim tranbleman tè 12 janvye yo, aprè ansyen prezidan asasinen an te fin rann yo yon omaj 12 janvye 2020 pase. Yo te lage koukouwouj dèyè Mathias pou te arete l pou pwofanasyon.

Rive an Repiblik dominikèn, li esplike li te blije sove kite peyi d Ayiti akòz vi li te menase. Komedyen an te rete ap ekzèse metye li ki se fè moun ri. Nan novanm 2022, imigrasyon nan Repiblik dominikèn te depòte li pami plizyè lòt konpatriyòt akòz yo te sou teritwa dominiken an ilegalman.

Tounen nan peyi li Ayiti, li te resevwa bèl akèy nan men plizyè frè ak sè, konsa tou genyen lòt ki te kontan depòtasyon sila. Men sa pa t anpeche yon ti tan aprè Mathias Dandor te fè demach, malgre sa, pou l te retounen al viv an Repiblik dominikèn san papye byen rapid. Li te menm deklare « li pa p kite moun vin fè pwen sou li, jan l wè bagay yo li pa p vin mouri pou moun di se pou Ayiti ».

Jounen jodia komedyen Mathias pa ni an Ayiti ni an Repiblik dominikèn, li kay Tonton Sam, e nouvèl sila fè anpil moun fache. Menm si genyen ki kontan. Toutfwa n ap presize, daprè plizyè sous, komedyen rive ale Etazini gras ak yon azil politik an rezon menas ki pandye sou lavi li, men se pa atravè pwogram Pawòl imanitè Joe Biden nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.