Anplis ajan BSAP ki mouri yo, Lapolis la arete anviwon twa tou

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
anplis ajan bsap ki mouri yo, lapolis la arete anviwon twa tou

Aprè ajan Lapolis yo te fin metrize epi etenn souf plizyè ajan BSAP jodi mèkredi 7 fevriye 2024 la, plizyè bakòp ajan polis nasyonal la pwosede ak arestasyon 3 ajan BSAP nan komin Petyonvil.

Yon jounen 7 fevriye ki pase de dat istorik a yon fòm gè sivil kote plizyè ajan PNH te twoke kòn yo ak kèk ajan BSAP, yon kò legal ki anndan estrikti ANAP.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Omwen senk ajan BSAP pèdi lavi yo anba bal Lapolis, twa lòt jwenn arestasyon yo.

Pou kouwèl ye la, nou inyore non ajan BSAP yo ki jwenn arestasyon yo a, men nou te kontakte kèk konfrè ki te sou plas ki konfime nou, ajan yo twouve yo kounye a nan komisarya Petyonvil la, annatandan pouswit legal yo.

N ap raple, komisè gouvènman Pòtoprens lan te deja anonse Lapolis gen lòd pou arete tout moun ki pa polisye yo ta sispèk ak zam nan men yo nan seyans manifestasyon yo. Anplis, komisè a te anonse tou genyen gwo sanskyon ki rezève pou jan de ka sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.