3 jounalis blese anba bal nan manifestasyon kont Ariel Henry nan vil Jeremi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
3 jounalis blese anba bal nan manifestasyon kont ariel henry nan vil jeremi

Omwen 3 konfrè laprès blese anba bal reyèl, plizyè militan sòti blese tou jodi mèkredi 7 fevriye a nan manifestasyon ki te òganize nan vil Jeremi an. Lemy Brutus, Stanley Belford ak Wilborde Ymozan, se non twa jounalis sa yo ki arive viktim anba bal plizyè polisye.

Twa jounalis yo viktim nan kad travay yo pandan mouvman pwotestasyon kont Ariel Henry an nan vil powèt yo, Jeremi. Viktim yo ki se 3 gason, ap travay yo chak pou plizyè medya anliy nan Grandans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon plizyè medya lokal kolekte, Lémy Brutus, idantifye kòm responsab yon medya ki pote non “Grandans Bèl Depatman”, Stanley Belford, repòtè nan “Island TV”, ansanm ak jounalis Wilborde Ymozan k ap travay pou “Tande Koze”. Toule 3 blese pa bal ajan PNH

Kèk manifestan te kouri mennen kòlèg laprès yo nan yon lopital nan vil Jeremi pou yo te resevwa tretman ki nesesè pou blesi yo.

https://www.facebook.com/share/pUs4FTgNsSjcFep9/?mibextid=w8EBqM

 

Source Video : Vant Bef info

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.