Anplwaye KEP yo mande pou peye yo plizyè mwa salè travay

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
anplwaye kep yo mande pou peye yo plizyè mwa salè travay

Anplwaye Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) pa resevwa yon salè depi plizyè mwa. Yon lòt bò, Sendika Anplwaye Enstitisyon Elektoral la (SEMIEL) mande Premye Minis Ariel Henry ak Minis Ekonomi ak Finans Patrick Boisvert, pou yo gade sitiyasyon anplwaye li yo.

Nan yon mesaj pibliye sou rezo sosyal Twitter a, ayè Mèkredi 5 avril 2023 a, Sendika Anplwaye Enstitisyon Elektoral yo (SEMIEL) te denonse move sitiyasyon manm li yo ap fè fas depi plizyè mwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè lidè estrikti sendikal sa a, depi asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 6 a 7 jiyè 2021 an, manm Administrasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP oswa CEP) kontinye ap fè fas ak yon move tretman.

Devan sitiyasyon sa a, Sendika Anplwaye Enstitisyon Elektoral la (SEMIEL) mande entèvansyon ijan Premye Minis Ariel Henry ak Minis Ekonomi ak Finans la, Patrick Boisvert pou yo ka vin ede manm li yo ki pa resevwa salè depi plizyè mwa.

« SEMIEL ap mande ak Dr Ariel Henry, Minis Ekonomi ak Finans la, pou founi je sou sitiyasyon anplwaye KEP yo ki gen plizyè mwa depi yo pa resevwa salè yo. Depi apre lanmò Prezidan Jovnel, administrasyon sa a pa sispann maltrete anplwaye KEP yo. Nou mande yon entèvansyon prese prese », te ekri Sendika a sou Twitter.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.