Ayiti pa bouje nan nouvo klasman FIFA a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayiti pa bouje nan nouvo klasman fifa a

Federasyon entènasyonal foutbòl la (FIFA) pibliye jodi jedi an nouvo klasman seleksyon yo kote Ayiti kontinye rete 87èm malgre bon rezilta nan dènye match Lig dè Nasyon yo.

Menm jan ak desanm 2022, seleksyon nasyonal ayisyèn lan pa bouje nan klasman FIFA a ki pibliye jodi 6 avril la. Grenadye yo ki te fè de viktwa nan Lig dè Nasyon yo kont Monsera ak Bèmid, rete 87èm avèk 1275 pwen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou zòn Concacaf la, Grenadye yo pran yon plas anplis nan nouvo klasman sa kote yo monte nan 9èm pozisyon dèyè Salvadò ak Onndiras ki se youn aprè lòt 7èm ak 8èm.

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki fè yon bèl kanpay nan dezyèm edisyon Lig dè Nasyon an avèk 16 pwen sou 18 posib, reyisi remonte nan Lig A pou pwochen edisyon konpetisyon sa avèk tou yon kalifikasyon pou Gold Cup.

N ap souliye, seleksyon Ajantin lan ki te genyen dènye edisyon Koupdimond lan nan peyi Kata, pran premye plas klasman an devan Brezil ki pou kounya twouve l nan twazyèm plas la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.