Anplwaye SONAPI yo manifeste pou egzije 2,500 goud kòm salè minimòm

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
anplwaye sonapi yo manifeste pou egzije 2,500 goud kòm salè minimòm

Ouvriye yo nan faktori SONAPI tanmen jodi lendi 8 me 2023 a yon jounen manifestasyon nan lide pou egzije responsab yo peye yo pou pi piti 2,500 goud kòm salè minimòm.

Bandwòl epi fèy bwa nan men yo, yon kantite anplwaye faktori SONAPI manifeste jodi lendi an pou egzije pou pi piti 2,500 goud jounen travay. Anplwaye yo ki pa travay 7 jou sou 7 ankò men pito 4 jou pa semèn (lendi jiska jedi) depi aprè konjonkti malatchyong lan, touche yon montan 685 goud chak jou kòm salè minimòm.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon mouvman ki te kòmanse pasifikman byen bonè jodi lendi an, avan polisye ki te sou plas yo ta pral kraze l a plizyè repriz avèk gaz lakrimojèn. Yon reyaksyon ki ta pral leve plim sou do manifestan yo.

Pou moman n ap ekri atik la (11è AM) pwotestatè yo toujou nan lari a, espesyalman sou wout Dèlma a, avèk pou prensipal destinasyon devan rezidans Premye minis lan nan Miso, pou egzije responsab yo nan SONAPI ak Leta ayisyen tande kri yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.