4 nouvo machin blennde rantre pou ranfòse kapasite operasyon PNH la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
4 nouvo machin blennde rantre pou ranfòse kapasite operasyon pnh la

Jodi lendi 8 me a genyen 4 nouvo machin blennde ki fè aparisyon yo nan kapital peyi a nan sousi pou ranfòse kapasite operasyon PNH la. Machin sa yo, daprè premye eleman enfòmasyon responsab yo pibliye, fè pati gwoup materyèl Leta ayisyen te kòmande nan peyi Kanada pou ranfòse sekirite nan peyi a.

Se nan yon vòl USAIRFORCE machin blennde sa yo ateri jodi lendi a sou tè peyi d Ayiti nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture an. Antrepriz kanadyen Inkas te resevwa lajan kòmand sila a nan lide pou reponn ak bezwen gouvènman ayisyen an ki vle bay PNH la plis mwayen pou fè fas ak gwoup ame yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ensekirite an k ap taye banda tribòbabò nan peyi a lage pèske tout manm popilasyon an 2 bwa pandje. Nan sans sa a, gouvènman an plas la, malgre feblès tout moun konnen y ap konfwonte dènye tan sa yo, ap fòse kou mèt Jan Jak, anplwaye tout esateji nan sousi pou gade kijan yo ka peze fren bandi yo k ap donnen tankou djondjon nan tout kwen anndan peyi a.

N ap raple, nan kad ranfòsman sekirite nan peyi a, Leta ayisyen te fè kòmand 18 machin blennde nan men Kanada. Avan jodia, te genyen sèlman 9 konpayi INKAS te livre, ki mete total la pou kounya a 13 kantite blennde ki deja disponib nan kòmand ki te fèt depi mwa jen 2022 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.