Jean-Marie Altema nan yon mesaj pibliye sou rezo sosyal Twitter a, mande Gouvènman Ariel Henry a pou l dezaktive sit entènèt delidoc.gouv.ht ki ta dwe pèmèt sitwayen yo soumèt aplikasyon pou paspò ak kat idantite yo an liy lan.
« Mwen rekòmande Primati a rantre sit delidoc.gouv.ht la prese prese epi travay plis pou ofri popilasyon an yon meyè platfòm », te ekri ansyen Direktè Jeneral CONATEL la, Jean-Marie Altema, ki kontinye pou l di Platfòm sa pap bezwen fèt nan kouri.
Yon lòt bò Mesye Altema rekòmande Gouvènman pou l travay ak teknisyen yo, ba yo tan ak mwayen nesesè pou sa fèt kòrèkteman.
N ap raple, gouvènman an te lanse vandredi sa a platfòm DELIDOC ki pral pèmèt sitwayen yo soumèt aplikasyon paspò yo ak kat idantite yo sou entènèt. Li pwopoze pou reponn ak pwoblèm eta sivil la, dapre otorite gouvènman yo. DELIDOC reyini DGI, ONI ak Direksyon Imigrasyon.
Facebook Comments