Ansyen foutbolè Italyen an, Gianluca Vialli bwè dlo dan l ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
ansyen foutbolè italyen an, gianluca vialli bwè dlo dan l ! 

Foutbòl Italyen an leve an dèy. Jounen 6 Janvye 2023 a, ansyen entènasyonal Italyen an Gianluca Vialli kite mond vivan yo. Li t ap goumen kont yon kansè nan pankreya depi kèk lane e maladi a rive mete do l atè. 

Dezyèm peyi ki ranpòte Mondyal la plis fwa a leve ak yon move nouvèl. Yo aprann Gianluca Vialli, ansyen foutbolè entènasyonal, mouri akoz yon kansè pankreya li t ap konbat depi plizyè lane. Se tout lejand foutbòl nan peyi Itali ki leve kanpe pou yo salye memwa Vialli. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se Sampdoria, ansyen  klèb Vialli a ki anonse nouvèl lanmò a. Li kite tè sa ak 58 lane sou tèt li. Pou pasaj li nan Nazionale a, li te konnen 59 seleksyon ki te pèmèt li make 16 gòl sou mayo Squadra Azzurra a. Se te youn nan bra dwat Roberto Mancini pandan Itali t ap soulve Euro 2021 an. Men li te oblije kanpe tout aktivite foutbolistik yo pou l livre l nan konba kont maladi a ki te pran yon lòt faz. 

Avèk peyi Itali, Vialli te patisipe nan Mondyal 1990 la lakay li kote l te fini twazyèm. Avan sa, li te demifinalis nan Euro 1988 la ak Nazionale a. seleksyon an rann li omaj sou rezo sosyal yo pandan l di : “ Orevwa Gianluca, n ap toujou sonje w ”. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.