Yon apèl donasyon pou RTSF ki bezwen sipò finansye

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon apèl donasyon pou rtsf ki bezwen sipò finansye

Prensipal chèf pwojè Radyo Televizyon Sans Fin an, Yvenert Foeshter Joseph, lanse yon apèl donasyon gofundme pou kapab kontinye fè fonksyone medya sa k ap fè fas ak gwo difikilte ekonomik. 

Sou hastag “Ede nou kenbe diyite nou”, PDG Radyo Televizyon Sans Fin an lanse apèl donasyon sa pou kapab pèmèt medya sa rete kanpe. Yon inisyativ ki lanse pandan semèn sa sou platfòm gofundme kote plis pase 500 dola ameriken deja kolekte. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Yvenert Foeshter Joseph, desizyon pou ranmase fon sa vini akoz piblisite Radyo Televizyon Sans Fin pa genyen ase pou kouvri frè fonkyonnman medya a. Nan mesaj ki tache ak apèl donasyon sa, Mesye Joseph fè konnen y ap chache yon otonomi finansye. 

« Ede nou, paske nou pa vle vann nanm nou bay boujwa kòwonpi, santi, ki kont peyi. Yo pa ba nou, yo pa t ba nou e yo pa p janm ba nou piblisite si nou pa met ajenou nan pye yo», sa nou kapab li sou sit platfòm sa ki itilize anpil nan kesyon donasyon. 

Pwojè sa ki lanse nan dat 22 novanm 2018 nan peyi an, genyen ladan l jounen jodia Televizyon Sans Fin akote radyo an ki te premye mete sou pye. Yon medya ki pote anpil inovasyon nan domèn sa sitou nan retransmisyon kontni sou rezo sosyal yo. 

Yvenert Foeshter Joseph envite tout moun patisipe nan demach sa pou ede RTSF rete vivan nan yon moman kote yo pa gen okenn sipò finansye ki sòti nan elit ekonomik peyi Dayiti an. « Nou fè 4 an ap goumen, nou pa konn konbyen tan nou rete pou nou goumen. Se sou nou, RSF/TSF konte pou rete djanm, vivan epi konsekan an Ayiti», sa li rapouswiv pou l di. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.