Ansyen kontab anchèf CAS la anba kòd pou koripsyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ansyen kontab anchèf cas la anba kòd pou koripsyon

Lajistis Ayisyèn mete anba kòd ansyen kontab anchèf Kès Asistans Sosyal la (CAS), ayè madi 18 avril 2023 a. Ansyen ofisyèl piblik la te fèmen dèyè bawo, sou lòd Jij Jean Wilner Morin, apre odyans li, nan Kabinè Enstriksyon. Pierre Richard Vales gen plizyè akizasyon sou do li, ladan yo detounman byen piblik, daprè yon dosye ULCC te voye bay otorite jidisyè yo.

Ansyen kontab piblik la akize de detounman fon byen piblik la, pran enterè ilegal ak konplisite nan kèk bagay ki fo ak itilizasyon fo, daprè yon ankèt Inite Anti-Koripsyon (ULCC) te transmèt bay lajistis Ayisyèn nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se Jij Jean Wilner Morin, ki responsab mennen ankèt sou dosye sila a, donk se li ki te bay lòd arete akize a nan fen odyans li nan mitan jounen ayè madi a nan kabinè enstriksyon an.

N ap note, ankèt sou enstitisyon kontwòl la te baze sou jesyon Kès Asistans Sosyal la anba administrasyon Edwine Tonton, aktyèl Direktè CAS la, limenm tou ki gen entèdiksyon kite peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.