Ansyen polisye Alex Amstrong tonbe anba bal lapolis 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ansyen polisye alex amstrong tonbe anba bal lapolis 

Alex Amstrong Dumorné, yon ansyen polisye ki vin chèf gang, mouri nan echanj kout zam ak yon patwouy polis ayè mèkredi 18 janvye 2023 a, nan komin Petyonvil. Lapolis t ap chèche l depi ane pase, sitou depi aprè l te fin touye 2 polisye nan Bristou, zòn kote l t ap dirije nan menm komin nan. 

Sou rezo sosyal yo, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen Alex Amstrong te enplike nan plizyè ka kidnapin. Swit ak avi rechèch yo te mete dèyè li depi an 2022, ayè mèkredi a li mouri nan echanj kout zam ak lapolis. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou Twitter PNH bay nouvèl la konsa : “Alex Amstrong Dumorné, ancien policier et chef de gang, ayant été impliqué dans de nombreux cas d’enlèvement, a été mortellement blessé dans des échanges de tirs avec une patrouille policière dans la commune de Pétion-Ville, ce mercredi 18 janvier 2023.” 

N ap raple, nan dat 17 dawout la, pandan yon operasyon nan lokalite Bristou, Petyonvil, chèf gang Alex te tire 2 polisye epi menm rive chape anba men lapolis malgre l te sòti blese nan kou li. 

Pierre Roudikson, yon polisye 25yèm pwomosyon, ak Édouard Nickson, yon ajan ki te afekte nan Inite ki Espesyalize nan Wo Pèsonalite Piblik yo (USHPLP), se non 2 fòs lòd ki te tonbe yo nan kad operasyon sila. Antèman yo te chante 5 septanm ane pase. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.