Nan komin Kwadèboukè, pi presizeman zòn Mòn Kabrit, bandi ak zam louvri kout zam sou yon bis konpayi Capital Coach Line epi detounen li ak tout moun. Aksyon sila pase ayè 18 janvye 2023 a.
2023 a pako pote okenn bon nouvèl pou peyi d Ayiti depi lè li kòmanse. Alòske yon bis Capital Coach Line ap sòti Repiblik dominikèn ak anviwon yon trantèn pasaje abò li, nèg ak gwo zam fann fwa atake li epi kidnape tout moun yo.
Daprè enfòmasyon nou rive jwenn, se sèl 3 moun otè zak yo libere: chofè a, ajan sekirite ki te akonpaye machin nan, epi yon otès.
Otès la resevwa 3 bal nan moman atak la, yo te blije libere l pou al pran swen lopital an ijans, men jiskaprezan pa gen detay ki bay sou idantite li ak nan ki eta sante l ye aktyèlman.
Aprè yo fin komèt zak la, kriminèl yo pati ak tout moun yo. Pyès revandikasyon poko fèt pou konnen veritab entansyon yo ak kondisyon liberasyon tout pasaje yo.
N ap raple se pa premye fwa bandi ak zam detounen machin ak tout moun nan zòn sila ki sitiye li nan Kwadèboukè, yon komin gang ak zam fin pran tout ti kwen l yo. Pa janm gen yon vrè entèvansyon lapolis la, malgre divès alèt ki bay sou sitiyasyon an.
Toutfwa n ap raple nan mwa dawout 2022, lapolis te mete lapat sou Woodly Innocent, ki t ap kòmande zòn sa, men sa pa frennen gang Mòn Kabrit la nan touman l ap simaye nan mitan popilasyon an ak moun ki pratike wout yo pa malè.
Facebook Comments