Anviwon 20 moun disparèt nan lanmè Florid pandan pasaj ouragan Ian

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
anviwon 20 moun disparèt nan lanmè florid pandan pasaj ouragan ian

Lapolis nan peyi Lèzetazini anonse ayè mèkredi 28 septanm 2022 a 23 moun disparèt abò yon bato nan lanmè, tou pre Eta Florid. Tout se migran Kiben yo ye daprè sa otorite yo enfòme. 

Yon lòt kote, gad kot amerikèn yo rapòte genyen 4 nan yo ki rive sòti vivan aprè tanpèt la te fin chavire bato ki t ap transpòte yo a. Se naje yo naje pou yo te kapab rive jwenn tè.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ajan patwouy ki sou fwontyè Lèzetazini an, nan zòn Stock Island, nan Florid, fè konnen sou Twitter plizyè migran te rive sou rivaj yo aprè tanpèt te koule bato yo. 

Nan yon tweet, Walter Slosar deklare : “Ofisye yo te deplwaye aprè plizyè imigran te naje pou rive atè nan Stock Island, Monroe, Florid.” 

N ap raple, Ian, yon siklòn Kategori 4 ak gwo van ki te kontinye rive jiska 250 km/lè, te tonbe sou kòt lwès Florid nan Mèkredi aprèmidi. Li deja fè anpil dega sou teritwa ameriken an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.