Magalie Habitant, premye fanm ki kouri pou “Bwa kale” 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
magalie habitant, premye fanm ki kouri pou “bwa kale” 

Nan kad mobilizasyon k ap fèt kont pouvwa anplas la jodi jedi 29 septanm 2022 a, Magalie Habitant ki se ansyen direktris Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid yo (SNGRS, nan sig fransè a) sou gouvènman PHTK Jovenel la, pase yon move moman anba men plizyè moun ki t ap manifeste. 

Wi, sa pase nan komin Petyonvil jodia. Nan yon videyo k ap fè laviwonn sou rezo sosyal yo nou ka wè Magalie Habitant k ap kouri anba kout wòch pandan dènye mobilizasyon “Bwa kale” yo kont gouvènman Ariel Henry an, aprè l te deside monte pri gaz la lwa pase. Magalie tèlman kouri, li menm rive tonbe, se moun ki t ap pwoteje l ki fè sa pa pi mal pou li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malerezman militan politik la ki kanpe jounen jodi a kont Ariel Henry, kidonk kont rejim Tèt Kale a, resevwa yon kout kouto bò dèyè, daprè sa nou aprann. Toutfwa nan mikwo laprès, pi presizeman sou antèn Radyo Scoop, li demanti enfòmasyon sila yo epi fè konnen pito se yon kout wòch li te resevwa. 

N ap raple, Magalie Habitant te deja manke viktim anba men plizyè manifestan nan zòn Delma 30 nan dat 23 dawout pase a, se militan ki te akonpaye l ak lapolis ki te sou plas ki te fè l pat viktim anba “bwa” pwotestatè yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.