Anviwon 5 milyon ayisyen nan ensekirite alimantè daprè UNICEF

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
anviwon 5 milyon ayisyen nan ensekirite alimantè daprè unicef

Kriz plizyè dimansyon Ayiti ap konnen dènye ane sa yo lakoz jounen jodia gen pou pi piti 4,9 milyon ayisyen k ap viv nan ensekirite alimantè daprè ògàn Nasyonzini UNICEF.

Ayisyen sa yo k ap viv toupatou sou teritwa nasyonal la, twouve yo nan dènye nivo pòv la kote yo pa menm ka pran swen tèt yo ak fanmi yo. Yon sitiyasyon ki riske vin pi grav.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè UNICEF, ensekirite alimantè 4,9 milyon ayisyen sa yo ap viv jounen jodia se konsekans nivo povrete majorite popilasyon ayisyèn lan, enflasyon an k ap ogmante avèk ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa nasyonal la.

Fas ak sitiyasyon sa ki riske vin pi grav nan jou k ap vini yo, UNICEF te deja lanse yon apèl pou ranmase plizyè milyon dola ameriken nan lide pou kapab ede fanmi yo, prensipalman timoun yo ki plis riske nan sitiyasyon sa.

N ap raple, depi kòmansman ane an, gouvènman ayisyen an deja lanse plizyè pwogram apezman sosyal pou kapab ede fanmi ki pi vilnerab yo nan peyi an atravè transfè lajan dirèk pou benefisyè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.