Depi kòmansman ane a, gang yo deja tiye plis pase 500 moun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
depi kòmansman ane a, gang yo deja tiye plis pase 500 moun

Òganizasyon Nasyonzini rapòte depi kòmansman ane a pou rive jounen jodi a se plis pase 530 moun ki mouri anba men gang yo k ap dirije teritwa a, oubyen ki viktim nan batay y ap mennen kont gang advès yo.

Jounal ameriken Miami Herald, ki etale kantite viktim batay ant nèg ak zam yo k ap twoke kòn nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak zòn ki anviwonnen l yo fè, revele sitiyasyon sila lakòz plizyè milye Ayisyen blije sove kite lakay yo pou yo pa viktim.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi ane pase, afwontman yo nan kapital la ak vil pwovens yo entansifye. Malgre dispozisyon fòs lòd yo pran pou kwape ensekirite a, anyen pa janm rive fèt, chak jou pi plis lis moun ki mouri oswa bandi kidnape yo ogmante.

N ap raple, Nasyonzini, depi ane pase, te fè konnen vyolans gang yo atenn yon nivo san parèy, san yo pa t prevwa nivo krim yo t ap pral ogmante konsa ane sa a. Malgre apèl gouvènman ayisyen an te fè pa bò kote kominote entènasyonal la pou yon fòs militè miltinasyonal te kapab foule teritwa a aprè mobilizasyon “Bwa Kale” yo kont rejim Tèt Kale a, jiskaprezan anyen pa janm fèt.

Mete sou sa, malgre kèk peyi tankou Lèzetazini, Kanada epi pou kounya Repiblik dominikèn, sanksyone plizyè pèsonalite nan lavi politik la ak plizyè chèf gang, ensekirite a pa fè wonn pòt, anplis peyi a tonbe nan yon kriz sosyal ak imanitè san parèy.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.