Apati lendi 10 avril, demann paspò yo ap fèt sèlman sou platfòm DELIDOC

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
apati lendi 10 avril, demann paspò yo ap fèt sèlman sou platfòm delidoc

Anviwon yon semèn sèlman depi gouvènman an lanse li ofisyèlman, platfòm elektwonik DELIDOC gentan ap bay sèvis nan kesyon demann dokiman ofisyèl yo. Apati lendi k ap vini la, se sèlman sou li yon moun ap kapab pran randevou pou fè paspò.

Direktè jeneral Ofis nasyonal idantifikasyon an, Reynold Guerrier, nan emisyon lib tribin « Le Rendez-Vous avec Assad Volcy » madi 4 avril 2023 a, fè konnen demann randevou pou dokiman paspò yo ap fèt sèlman sou platfòm Demann an liy dokiman idantite yo (DELIDOC).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Platfòm elektwonik sa gouvènman Ariel Henry an ta pral lanse ofisyèlman 31 mas ki sot pase a, vini nan yon moman kote Biwo imigrasyon ak emigrasyon yo toupatou nan peyi an ap fè fas ak gwo kantite moun ki bezwen fè paspò yo prensipalman depi ouvèti pwogram imanitè peyi Etazini an.

Apati lendi 10 avril k ap vini la, Biwo imigrasyon ak emigrasyon yo nan peyi an pa p resevwa pyès randevou san yon konfimasyon ki sòti nan platfòm Delidoc lan ki opefasyonèl depi kòmansman mwa avril la epi ki gratis daprè Direktè jeneral ONI an, Reynold Guerrier.

N ap raple, yon ti tan aprè lansman platfòm sa, anpil kritik ta pral fèt sou li, prensipalman save nan domèn teknoloji Jean Marie Altema, ansyen direktè jeneral Conatel, ki te mande dezaktivasyon sit sa ki te gen kèk fay nan kesyon sekirizasyon done yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.