Aprè Busquets, se tou pa Jordi Alba k ap kite Barça nan fen sezon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
aprè busquets, se tou pa jordi alba k ap kite barça nan fen sezon an

Aprè plis pase 11 lane ap sèvi katalan yo, Jordi Alba pral kapab kite FC Barcelone nan fen sezon an malgre li rete yon lane kontra ak Blaugrana yo, se sa medya espanyòl yo revele jodi mèkredi 24 me an.

Daprè Laprès nan peyi Espay, defansè lateral goch espanyòl la ta jwenn yon akò ak direksyon Blaugrana a pou koupe kontra li an k ap ekspire nan lane 2024 nan lide pou kapab lib pou negosye ak lòt klèb.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jordi Alba ki te rejwenn klèb katalan an aprè Euro 2012 la, ap gen pou eksprime l sou desizyon sa jodi mèkredi 24 me a nan yon konferans pou Laprès. Defansè 34 lane a ap prezan nan Camp Nou Spotify la dimanch k ap vini la pou di piblik la babay.

Pandan plis pase 10 lane nan klèb katalan an, lateral goch espanyòl la te toujou rete yon pilye nan ekip FC Barcelone lan kote depi plizyè sezon li menm pami kapitèn yo. Yon istwa k ap pran fen avèk tout yon jenerasyon ki prale.

Sòti 2012 pou rive 2023, Jordi Alba jwe deja 458 match tout konpetisyon melanje sou koulè Blaugrana yo kote l enskri 27 gòl epi bay 99 pas desizif. Defansè espanyòl la ranpòte 18 tit avèk klèb katalan an, pami yo Lig dè Chanpyon 2015 lan, 6 Liga, pou n site sa yo sèlman.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.