Nèg ak zam asasinen yon militan politik tou prè plas Sentàn lan

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
nèg ak zam asasinen yon militan politik tou prè plas sentàn lan

Nèg ak zam moun pa rive idantifye tiye byen ta nan aprè midi 21 me 2023 a, nan ri Sentonore, aktivis politik Normil Pierre Max. Daprè kèk abitan ki te temwen, otè yo ta abiye an nwa, figi bande, pyès moun pa t ka idantifye vizaj yo.

Misye Normil Pierre Max, se manm aktif estrikti politik « Rassemblement Social-Democrate pour le Progrès d’Haïti », endividi ak zam ki abiye an nwa wete lavi aktivis politik la a byen ta nan aprè midi dimanch 21 me 2023 a, nan zòn ri Chabon, touprè plas Sentàn lan, devan biznis li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktivis politik Bateau Junior denonse ak tout raj zak asasina sa a, pandan li pwofite anonse y ap gen pou depoze yon plent nan lide pou blayi limyè sou dosye sa a kòmsadwa.

Nou dwe raple tou, Normil Pierre Max se te yon antreprenè epi enjenyè sivil. Li fèt nan Tirivyè Latibonit, 2èm seksyon. Li se ansyen kandida pou pòs senatè depatman latibonit anba banyè FUSION nan dènye eleksyon yo. Li pèdi lavi l anba men malfwa moun pa rive idantifye. Èske lanmò aktivis la lye ak pèsekisyon politik ? Nou pa konnen !

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.