Lapolis nan peyi Repiblik Dominikèn arete ayè mèkredi 14 desanm lan 2 sitwayen dominiken ki ta enplike nan fè ayisyen travèse fwontyè a ilegalman ak machandiz ki sòti Ayiti k ap rantre nan kontrebann sou teritwa dominiken an.
Nilo de Jesús Durán de los Santos ak Rosa Tejada se non de dominiken sa yo ki jwenn arestasyon yo jounen 14 desanm lan aprè yo t ap tante fè rantre sou teritwa dominiken an 16 ayisyen san papye ak yon kantite machandiz nan kontrebann.
Lapolis dominiken arete endividi sa yo ki te nan yon machin koulè blan, mak Toyota, kote ladan l te gen 12 boutèy byè, 24 boutèy rhum ak 299 pake sigarèt ak divès lòt machandiz ki sòti Ayiti daprè medya lokal yo.
Lapolis nasyonal dominiken fè konnen ayisyen sa yo ki t ap tante rantre ilegal sou teritwa dominiken an ap gen pou transfere nan Direksyon nasyonal migrasyon pou swivi administratif yo avan pou refoule yo an Ayiti.