Arestasyon Leevens Lifete Dejoie, youn nan anplwaye SOGEBANK yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arestasyon leevens lifete dejoie, youn nan anplwaye sogebank yo

Nan yon nòt piblik ki pibliye jodi vandredi 19 me a, PNH la anonse arestasyon Leevens Lifete Dejoie, youn nan kat (4) anplwaye SOGEBANK ki gen avi rechèch kont yo an.

Atravè Direksyon depatmantal polis la nan Nò a, DCPJ arete jodi vandredi 19 me a Leevens Lifete Dejoie ki te gen manda dèyè l pou enplikasyon l nan divès zak kriminèl tankou vòl, konplisite vòl, abi konfyans, asosyasyon malfektè, elatriye…

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon an, se ajan SDPJ nan Nò ki ta arete sitwayen sa ki te nan espas travay li pandan moman arestasyon sa. Leevens Lifete Dejoie pami 4 anplwaye SOGEBANK Lapolis ap chache yo.

Nan moman redaksyon atik sa, demach ap fèt pou transfere endividi sa nan Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) pou rès pwosedi jidisyè yo, daprè sa nou li sou paj ofisyèl Lapolis la sou rezo sosyal yo.

N ap raple, sa pa gen lontan depi yon gwo eskandal koripsyon te eklate nan administrasyon SOGEBANK lan kote plizyè anplwaye ta enplike nan yon seri krim finansye grav tankou vòl, abi konfyans. An gwo, ta genyen yon gwo rezo malfektè anndan bank lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.